Enpòtans ki genyen nan idratasyon pandan egzèsis

Li enpotan pou moun bwè dlo anvan,pandan ak apre egzèsis.Le likid la pa ranplase apre yon aktivite fizik moun nan ap rive dezidrate ki ka bay efe negatif ak konsekans pou sante nou tankou yon gwo atak chalè.Li enpotan pou yon moun bwè 500 ml dlo anvan ,pandan ak apre egzèsis.

 

Pou egzesis entans oubyen senp yo konseye pou moun bwè bwason isotonik ,kote ki apeche pwoblem fatig la,le likid la ranplase,sel,mineral ak glikoz,yo kontribye nan pèfòmans fizik la,plis wap swe plis dlo.
Kosomasyon bwason izotonik ede ranplase likid sel mineral,sodyom,eneji,li fen pa fatige vit ,li evite lesyon ak kwanp,amelyore pèfòmans ak akselere rekiperasyon.

 

 

Li enpotan pouw konn kijan pouw bwe dwe le wap antrene,pa bwe plis ke 250 ml dlo pandan pandan egzesis la.Bwe 8 jiska 12 ve dlo chak jou li sifi pou pratike aktivite fizik,timoun ak granmoun paka rete san bwe dlo poutet sa yo bezwen yon espesyal atansyon sitou le yo nan soley.

 

Yon bagay ki ka fe w we wap byen idrate se jan wap pipi,pipi a dwe san koule oubyen yon koule jon kle,sil jon fonse seke gen yon dezidratasyon.