Remèd natirèl pou pèt cheve

Poukisa cheve yo tonbe?

Gen anpil fakte ki ka lakoz pet cheve,sa yo se prensipal koz la

 Estrès
 Maladi omon
 Faktè jenetik
 Kèk medikaman
 Lè w sèvi ak twop pwodwi chimik pou cheve
 Vyejisman
 Le yon moun pran twòp tabak
 Enfeksyon nan po tèt
 Defisyans nitrisyonèl

Maladi otoiminitè, anemi, sendwòm nan ovè,polikistik, oubyen lòt maladi kwonik
Ba po tet la yon ti masaj ak lwil

 

Lwil esansyel bay bon sikilasyon san an ak fe rasin yo di,lwil nou ka itilize nan ka sa se :lwil zanman,lwil kokoye,lwil kokoye,lwil womaren ak maskreti.

Prepare youn nan lwil sa yo pouw fe msaj la,sa ap pote anpil benefis ak cheve a epi aktive rezilta ,mete lwil nan tout po tet la epi bay yon ti masaj tou dousman ,msaj sa dwe fet 2 fwa nan semen nan.

Ji zonyon
Se yon lot bon remed anko pou pet cheve gras ak anpil souf li genyen ,li ede amelyore sikilasyon san an ,rejenere ak redwi enflamasyon,li pwopriyete kont bakteri ki elimine enfeksyon nan po tet la ki ka lakoz cheve yo tonbe.
Pet cheve s eyon bagay ki afekte anpil moun,li pa nesese pou gaspiye anpil lajan nan fe tretman chimik gen anpil bagay natirel ki kap ede w epi ki efektif si nou fe yo cheve nou ap retounen fo ak bel.