Ti konsèy pou fè acha lè w vle pèdi pwa

Alimantasyon se yon bagay ki enpòtan anpil nan moman pou pèdi pwa oubyen retire kèk kilo anplis,poun ka edew pigaw pèdi ti konsèy sa yo:

1.Planifye acha
Anvanw al achte li enpòtan pouw fè yon lis tout sa wap bezwen pou rejim nan,konsa wa evite achte lòt pwodwi yo pa konseye moun manje lè yap desann.

2.Manje fre ak natirèl
Baz manje yo dwe fre,yo dwe pwodwi natirèl tankou fwi,vejetal,se pwodwi ki pa gen anpil kalori epi yo nouri byen,sa yo paka pa nan lis la.

3.Manje anvanw al achte
Sa ap edew pa achte anyen pou goute piske vant ou gentan plen

4.Achte pwodwi a nan sezon l
Lè se sezon yon bagay nou tout konnen li pi ekonomik paske genyen an kantite,yo pi nitritif epi pi bon kalite,manje sa yo enpòtan pouw pran chak jou.

5.Pa achte anyen dous
Li enpòtan pouw gen konsyans pouw konnen wap fè rejim,sispann achte bagay dous pouw manje

6.Li etikèt la
Lèw al achte,li enpòtan pouw fè yon titan ap li etikèt pwodwi wal achte yo,konsa wa wè saw pral manje ak valè kalori li genyen.

7.Achte dlo ak te
Nan moman pouw achte bwason evite tout sak dous ak alkòl,li toujou pi bon dlo ak te vèt paske yo se bon idratan

8.Achte chak semèn
Eseye fè acha chak semèn,konsa wa pa manje twòp,li enpòtan pouw ale ak lis la pouw pa achte ni depanse jis achte saw ap gen bezwen.