Komanw ka wè si yon moun renmenw?

Anpil fwa ou konn nan yon relasyon depi lontan kotew pa janm wè fiti nan relasyon an, men moun nan toujou ap montrew ke se ou li vle, li paka viv san ou. Men gen anpil ti bagay wap wè nan li kew pa renmen ou dwe kanpe pouw di non pa rete ap viktim lavi a two bèl gen kèk bagay ki ka fèw wè moun nan pa renmenw

 

1.li pa janm baw kado yon jou nan vil sa konn rive menm jou fèt ou ,pa menm yon sirèt li pa fèw kado
sèl tèt li lap devan li toujou gen yon eskiz poul bay lèl pa fè yon bagay,li pap pè mandew kado.

 

2.gason kap voye fi al mande moun, menm lòt gason li ap voyew mande lajan ,li toujou ap fèw egzijans li aji entelijan ou pap rann kont fasil sa kap pase yo.

 

3.li pa vlew soti,pafwa li bon lè moun nan pa vlew soti men fòw gen libète w tou ,sak fèl plis pè ki fèl pa vlew gen zanmi se pouw pa rakonte zanmiw koman relasyon an ye.

 

4.ou gen dwa gen 12 lane ak moun nan li pa janm mandew maryaj ni pale de yon fiti avèw

 

 

5.gen gason kap voyew al bay paranw manti pou lajan

 

6.si moun nan konenw gen mennaj epi li vin renmen avèw ak tout sa sitou si nèg la pa Haiti ,fòn evite bagay sa yo medam pa janm bliye kè pa renmen 2 moun yon sèl kou.

 

7.gason ki pa janm vle prezantew devan fanmi ,zanmi ebyen poukisa ou avèl ,li toujou ap baw yon pawòl kenbe pou l pa prezantèw kay paranl.

 

Nou medam! nou sipote twòp bagay se byen kew renmen yon moun men ou pa dwe sipote tout bagay pou li, li lè li tan pou n ouvè je nou, fòn pa rete ap gade .Bondye pap sòt nan syèl la vin retirew nan saw ye a ,fòw fè efò paw la
pa janm fòse moun rete ni marye avèw yon bagay ou fè ak fòse jodia ka vin yon fyèt pou ou demen