Ti konsèy pou lave tenis blan twal pou yo ka toujou rete bèl

Menm si gen anpil pwodwi pou lave tenis blan men se pa tout poun itilize,fòw chache konnen kisa ki ap fè tenis lan byen paske tout tenis blan pa gen menm twal.Ak ti konsèy sa yo wap kap lave tenis ou san enkyetid.

 

Kijan pouw lave tenis blan ak men?
Sa nap bezwen?
Dlo cho ak frèt
Bikabonat
Yon bwòs dan oswa yon bwòs yo lave pantalon abako
Likid oswa savon,fab
Gan
klowòsk
Pwosesis:
Premye sa pouw fè se retire lasèt tenis lan,lavel ak savon oubyen likid,yon fwa li pwòp renzel,metel nan solyèl
apre sa mete dlo cho nan yon kivèt mete bikabonat,likid mete gan,bwaze dlo epi mete tenis lan ladan,fè dlo a kouvri tenis lan nèt epi kitel tranpe.

Itilize bwòs la kounyea pouw ka retire tout gwo kras ki gen nan tenis lan,apre sa rensel ak dlo frèt epi tòdel pouw ka retire dlo a.Nan yon lòt kivèt mete dlo ak 3 gout klowòsk melanje yo ansanm,mete tenis lan ladan kite fè yon ti repoze ankò kouvril ak yon lòt kivèt,kitel fè 2 èdtan chak tan fè yon ti vire.

Apre 2 èdtan rense tenis lan byen ak dlo frèt,tòdel epi metel sèch.Si tenis lan gen anpil tach,metel nan dlo oksijene pandan 20 minit,apre rensel byen rense metel sèch.
Tenis lan netwaye la.