Maryaj senp san depanse anpil lajan

Lè n kòmanse ap fè kalkil pou yon maryaj,nou antre nan panik ak lapenn,anpil fwa moun yo konn pa prepare pou tout depans sa,li konn menm yon defi,oganizasyon maryaj tèlman gen bil.

Reyalize yon bèl maryaj senp se yon defi jan nou diw la kote nou ka simonte ak lide kreyatif pou yon jou inoubliyab
Dat la

Chwazi yon vandredi oswa dimanch kòm jou selebrasyon,yap toujou pi ekonomik pase yon samdi epi ka gen kèk rabè.Pou lè a,ant 11 nan maten 5 apre midi li pral yon bon orè pou selebre san depanse anpil pou manje,likè, elatriye.

Envite yo
Lis envite yo sèlman fanmi ak zanmi pwòch.Pa gen anyen ki pi cho pase yon maryaj entim,kote tout patisipan yo konnen youn ak lòt.Sonje yap touche pou chak envite toutan moun nan mwens li pi bon.Siw gen yon gwoup zanmi ou paka envite,fè yon fèt anvan sa nan yon ba oubyen lakay ou,yon jan pou selebre inyon ak mari w oubyen madam ou,fè tout moun peye bwason yo.

Look
Nou ka lwe rad maryaj yo,okenn moun pa bezwen konn sa,chache jwenn rad la epi pran tout tan w pouw fèl parèt tou nèf

Dekorasyon
Flè ki genyen nan epòk la,ak saw wè pi fasil la,ap pi ekonomik,fè bèl ti dekorasyon ak yo,siw gentan ou ka fè dekorasyon pou kòw ak sipò zanmi,fanmi,si kote a bèl ou pap bezwen anpil dekorasyon.

descarga

Pou manje a
Se bil ki pi gwo nan planifikasyon yon maryaj,ou ka redwil ak yon senp meni tipik kote tout moun ap byen manje.Gato maryaj la ka sèvi tankou desè pou moun yo,konsa ou pap fè tab dous.

Pou fèt la
Kontakte yon gwoup mizikal oubyen yon DJ pou fè son,siw pa vle peye youn nan bagay sa yo,lwe aparèy son epi pwograme mizik nou epi kite CD a jwe pandan fèt la.

Gen yon bèl fèt maryaj san depanse anpil lajan,se pa yon misyon enposib,kreyativite ak anvi pou reyalize rèv ou epi kòmanse yon vi tou nèf.