Losyon natirèl pou retire tach nan figi

Losyon 100% natirèl sa pral ede w debarase w tach,anplis li pral ede w retabli ton natirèl,li elimine bouton,tach nwa epi fèmen pò ki ouvri.

Li pap pran anpil tan pou prepare remèd sa.Li senp ak ekonomi,li fèt ak pesi,li pral bay bon rezilta
Pèsi pran swen po a,li tonifye l,li redwi iritasyon,enflamasyon,epi li ede nan rejenerasyon po a
Kouman pou prepare losyon pèsi pou btach

 

 

Engredyan

6 gout dlo cho
2 kiyè pèsi rache
1 kiyè ji sitwon oubyen vinèg pòm

Preparasyon

Bouyi pèsi a pou 15 minit apre kitel frèt,lèl fin frèt mete dlo sitwon an oubyen vinèg la,mete melanj lan nan yon ti boutèy vit,anvanw sèvi ak losyon an li enpotan pouw lave figi w,itilizel chak jou pouw ka jwenn rezilta apre yon mwa.
Siw leve ak anba je w anfle,nwa,ou ka fè menm ti losyon sa pase lajounen ak lannwit,men pa mete vinèg la oubyen sitwon sèvi ak sèl pèsi a.