Fason pou w aktive òmòn jwa w

Men kèk fason pou ogmante pwodiksyon òmòn yo natirèlman san fè anpil efò:
Jwi aktivite fizik:Ou ka chwazi kouri,mache,fe yoga,danse pouw ka santi w byen,yon stil vi chita se youn nan prensipal koz depresyon

Pase tan ak moun ou renmen yo:chanje enfomasyon,pran yo nan men,anbrase tout bagay sa yo ede ogmante pwodiksyon oksitosin,siw santiw pou kont ou oubyen wap vvi sel adopte yon chen oubyen chat.
Pran solèy chak fwa w kapab:ekpozisyon nan soley aktive melatonin ki ede regilarize somey epi ede ak pwodiksyon serotonin

Manje kabon:manje ki pike,chokola,nwa paskte tout gen kapasite pou ogmante omon jwa kap sikile andan ko a
Jwi bon sant:sant gen anpil efe sou santiman,sant vaniy,fle wos,lavand,yo apresye nan tout mound lan,yo pwovoke yon sansasyon sekirite ak konfò,limen balen ki gen santi bon nan kay ou pafwa pou ka kreye yon anviwònman trankil.

Ri epi kriye san anpèchman:ri ogmante pwodiksyon omon jwa,le w santiw vle kriye fel,apre sa wap santi w byen

Pran masaj:pwofite pandan yap baw masaj la,rilask sitou yon masaj pye ak nan do sa yo ede redwi nivo estres
Souri:sevo a pa rekonet sak reyel ak imajine ,souri menm le w pa anvi wap twonpe sevo a poul pwodwi plis omon
Tande mizik:pouvwa son an imans,li ka mennen w lwen,toujou antoure ak mizik ou renmen,pa bliye chante chak tanw kapab

Fe nouvo aktivite:aprann nouvo lang oubyen jwet,sevo a renmen afwonte nouvo defi
Pratike rekonesans:pi bel priye nou ka ofri se remesiman,di mesi pou sa Bondye baw,di mesi pou saw ye,di mesi pou fanmi w,di mesi paske w pa malad,di mesi le yo fe yon bagay pou ou,jis yon senp mesi gen anpil vale sa ap few toujou pozitif

Yon ti chanjman ki genyen chak jou,gen konsyans ak bagay ou fe yo,li posib pou amelyore chimi nan sèvo w,santi w byen ak tet ou anvan tout bagay poun ka jwenn pi bon motivasyon ak mond sa ki antoure nou an.