Rezon ki fè w santi kranp nan ovè

Sistèm repwodiksyon fi ka prezante yon varyete maladi ak dezekilib,nan mitan yo,doulè nan ovè,menm jan ak nenpòt maladi sa ka parèt pou anpil rezon.Anplis doulè sa yo ka parèt nan chak moun diferan,varye nan entansite,tan ak dat nan mwa a,li disparèt natirèlman

Sa doulè nan ovè ye menm?

Pwosesis ovilasyon
Yon fi ka santi doulè nan mitan sik ovilasyon an,ki anba vant lan nan mitan 2 ovè yo,li paret koz kwasans folikil yo nou jwenn andan ove yo ki lakòz enflamasyon ak iritasyon.

Sik règ la

Anjeneral lè yon fi nan sik règ li toujou gen yon ti vant fèmal,anpil kolik pwovoke doulè nan ovepaske aparèy repwodiktriz la anfle,presyone,pwovoke regilarite jiskaske l kòmanse dezanfle.

 

 

Gwosès

Medam yo ka santi doulè,kranp,nan premye semèn gwosès la sa parèt ak chanjman omon kò a pwodwi lè lap prepare pou gwosès la,Yon fi ansante dwe bay anpil enpòtans ak doulè nan ovè paske li ka mete vi moun nan ak timoun nan andanje,pa kite timoun nan grandi mal,depi w santi w ansent toujou chache doktè w.

Kis nan ovè

Se yon maladi ki baze nan dezekilib òmòn sèksyèl fi yo ki lakòz ogmantasyon nan androjèn fi.Maladi sa bay kis nan ovè,règ pa fini oubyen li parèt yon lè konsa.Se poutèt sa fi ki gen kis toujou santi doulè nan ovè l.
Andometryoz
Se yon doulè ki anba vant lan oubyen nan ovè yo kòz selil endometri yo kap pouse deyò matris la,sa ka pwovoke ti boul san ki lakòz yon doulè toutan.

Enflamasyon nan basen

Se yon maladi ki afekte ògan sèksyèl fi,pifò fwa yo se maladi sèksyèlman transmisib ekoulman