Konsekans lanmou kondisyonèl

Se depi piti nou pa jwenn yon lanmou ki lib nan men paran yo,lap difisil lè nou gran poun rekonèt valè nou.Pafwa nou santi nou reponsab byennèt ak jwa lòt moun,se pa sèlman nan fanmi nou,menm moun ki lwen,bon sa konn rive menm ak moun nou rankontre chak jou nan travay,lari,sou entènèt.

 

Nou oblije ap salye vwazen an,bay lòt moun pase anvan,panse anpil tan ap ede moun,ede zanmi sou entènèt la rezoud pwoblèm,menm si sa fè pati nan vi a,ou paka lòt bagay premye plas anvan pa w yo.
Nou monte podyòm nou byen wo,epi panse nou ka ede tout moun oubyen nou responsab jwa yo,pafwa nou santi nou tris,doule nan do,lè nap gade jan zanmi,pitit,mari ak fanmi abise bon volonte nou,pwoblèm nan nou pa konn kijan pou nou trase yon limit pou moun pa abise konfyans nou.

 

 

Limit sa se defans nou,pa kite moun kreye l ni make l,pafwa kalite kopotman sa yo sòti depi nan manman ak papa pou jan yo bay timoun nan yon lanmou kondisyonèl oubyen soumisyon nou te genyen lè n te piti.

 

Nou vin panse pou yo renmen nou fòn reponn ak bezwen lòt moun,sam pa panse ak pwòp dezi,bezwen,ak jwa m.Si w santiw se yon moun konsa fè yon jan pouw chanje paske wap toujou jwenn moun kap fè w kriye pou inosans ou,apran renmen ak limit kap pwoteje w kont abi lòt yo.Chanje chemen etabli yon relasyon mityèl ak lòt moun.