Kisa fibrom ye?

Li se yon timè Benign( ki pa kansè)li pi komen nan fi,youn sou 4 fi ka genyen l,pifò moun k genyen l pa gen sentòm,sèlman 10-20% ki bezwen tretman.Ki siy ou dwe konsidere.

Laj yon moun ka genyen l se nan 30 lane pou rive 40 lane,menm si ka parèt anvan sa,yo depan anpil de òmòn yo,se poutèt sa li difisil pou yon adolesan oubyen yon moun ki nan menopoz genyen l,li pa enposib pou w wè lap grandi nan moman gwosès.Gwosè yo ka varye tou piti jiskaske yo pran tout vant lan.

Sentòm

Sentom ki pi komen yo se
Chanjman nan règ
Li vide plis
Li dire plis
San koulè nan moman ki pa gen règ
Doulè
Pandan règ la
Pandan relasyon seksyèl
Nan basen an oubyen anba vant lan
Anemi
Opresyon
Pipi souvan,men pa anpil
konstipasyon
Relasyon ak gwosès
Fètilite
Esterilite
Avòtman, nesans anvan lè
Anpil fwa kèk nan sentòm sa yo asosye

Dyagnostik

Dyagnostik la fèt nan istwa klinik ak egzamen jinekolojik,ak lòt etid tankou ekografi elatriye

Tretman

Sa depan ki kote l lokalize l,sentòm ak gwosè l
Si fibrom nan piti,li pa grandi se jis yon kontwòl jenekolojik pasyan ap swiv,si ak tan yo wè l ap gwosi,li kòmanse ap bay sentòm,la yap bay moun nan medikaman pou yo ka redwi gwosè a anvan operasyon,lè matris la vin twò gwo,medikaman pa fè anyen,pi bon tretman nan moman sa se operasyon.Yon fi ki preske rive nan menopoz li pap bezwen tretman paske l pap nwil anpil