Bag plis ke yon senp akseswa

Si wap panse itilize yon bag nan dwèt majè a,sak pi enpòtan se mete yon bag ki pi piti epi senp,mete yon bag nan dwèt sa gendwa fèw santiw pi byen.Kòz dwèt la plase nan mitan li kenbe yon senbòl konsyans,lòd ki asosye ak planèt Saten,metal saten an se plon,li senp menm jan ak gri asye se yon opsyon ki komen pou dwèt sa.

 

Eskew te konnen ou ka mete jiska 4 bag nan dwèt ou?¡nan yon dwèt!bag la sèvi poul fè menw rale plis atansyon,petèt ou gen dwa chanje kitèks nan zong ou epi ou jwen yon bagay ki ale avèl,ou ka chwazi konbine yo sa ap fè dwèt ou parèt pi bèl toujou.

 

Ou ka konbine teksti ak koulè,chak kalite bag sa yo ak koulè a vin fè yon bèl konbinezon,bag nan mitan dwèt la parèt enkreyib ou ka mete plis ke youn,gen moun ki pa renmen yo men stil la bèl anpil.

 

Konsa ou ka chache bag ki ini ansanm ak lòt yo pa yon chenn,lap vin parèt 2 bag nan yon sèl men.Si men w gwo ou dwe mete bag ki bon pou ou,fi ki gen men pi piti dwe ekilibre pwopòsyon lè yo gen pou mete yon bagay ki pi piti toujou

 

Bagay la dwe gen ekilib ladan,siw mete yon bag maryaj ak yon mont nan men gòch ou,mete yon braslè nan men dwat la,ou pa oblije mete tout bagay yo nan yon sèl men.

 

Pa gen okenn règ strik depi se bag paske tout bag se bag li te mèt pa lò oubyen ajan,jis ou bezwen dwèt ou bèl epi yo pap manke pa fèl bèl.