Kisa pouw fè si tansyon w desann ?

Tansyon se fòs ki egzèse sou atè a,li kondwi pa kè a pandan faz aktivite ak chak batman
Generalman sentòm tansyon ba se,pote anpil atansyon ak sa nou pral diw yo
 Toudisman
 twoub vizyon
 Feblès
 Konfizyon
 Pèt konesans
 Noze
Gen plizyè kondisyon ki kapab lakòz tansyon an desann
Nan mitan yo se:
Dezidratasyon.Siw dezitrate,kòw pèdi plis dlo ke sa li resevwa,gwo lafyèv,vomisman,dyare,siw fè yon rejim depase,egzèsis difisil tout sa yo ka dezidratew.

unnamed (18)

Emoraji.Lè w ap bay san pandan yon bon titan kòz yon blesi oubyen emoraji entèn,tansyon an ka desan
Gwosès.Kòm sistèm sikilasyon fi a ogmante byen vit,tansyon an vin desan.Tasyon an anjeneral ap nòmal apre akouchman
Maladi kè.Anpil nan maladi kè yo ka fè tansyon an desann e genyen ki ka fèl desann ba anpil tankou atak kè ak ensifizans kadyak.
Men saw dwe konnen lèw santi tansyon desann.Tande byen pou si sa ta pasew oubyen yon fanmi
Pa fè mouvman toudenkou

Lè wap leve sou kabann,fèl tou dousman,apre sa mete pwent pyew atè a,pa kouri kanpe
Evite kanpe sou pyew pou anpil tan
Manje yon bagay sale,li te mèt magi,lays elatriye
Bwè anpil dlo
Pa bwè alkòl
Nan moman tansyon an desann mete tèt ou ba epi leve de pyew anlè
Eseye ouvri pòt ak fenèt pou van fre ka antre

unnamed (20)

Siw swiv ti konsèy sa yo,ou ka sove viw ak vi moun ki bò kotew la