Pa renmen pou renmen

Lanmou ensèten,pa gen moun ki gen yon resèt espesyal pou l fonksyone pou tout moun menm jan,pafwa gen anpil kesyon pou jwenn yon repons pou relasyon w lan ka bay siksè,konsa tou pou yo edew jwenn bon lanmou an.
Ou tande anpil konsèy,men jodia nou pote kek pou ou ki pral kontwi w nan bon chemen ak moun ou renmen an epi pou fèw santiw byen tou.
1.Toujou konkeri patnè ou chak jou,li enpòtan pou yon flanm dife ap limen nan lanmou an
2.Pa janm bliye mennaj ou pandan wap angaje ak yon lòt moun sou li,pawòl eseye konprann li
3.Ou pap janm renmen yon moun,siw pa renmen pwòp tèt ou
4.Nan mond sa ou paka chwazi si yap fèw mal,men ou gen kapasite pouw chwazi moun ki koupab la
5.Pa santiw mal paske w sèl,valorize tan san,sa ap fèw santiw byen
6.Pa nan yon relasyon kote wap konfòme w pou w ka santiw byen,chache yon relasyon kap fè kèw kontan

7.Pa renmen pou aparyans fizik sèlman,dedike w pouw ekplate pèsonalite moun nan
8.Pa blede nwi moun nan chak jou,bal espas li pou sonje w tou
9.Pa janm fache ak patnè pou yon vye jounenw te pase,li pa koupab
10.Siw renmen patnèw pigaw janm vle poul bay distans ak zanmi l
11.Tout relasyon gen konfli,sak enpòtan se yo ke yo konnen ki jan yo fè fas ak yo ak rezoud yo
12.Lanmou se admirasyon,se pa posesyon.
13.Padone chak tanw gen pouw fè sa
14.Konprann,respekte patnè w si w vlel fè menm bagay la pou w
15.Pa bay manti oubyen sere yon bagay,konfyans se baz relasyon an
16.Goumen pou saw pi renmen an,sitou si sa fè kèw kontan anpil epi li enspire w jwa