Benefis yoga pou fi

Nan atik sa nou pral fè yon ti rezime sou prensipal benefis yoga pou fi
1. relaksasyon,fanm nan gen pou fè fas ak anpil estrès nan lavi l:etid, travay, timoun, chanjman òmòn,gwosès apre sa pou l sipòte menopoz.Pratik yoga ede fi sipòte tout pwoblèm sa yo atravè meditasyon,pratike pozisyon diferan ak egzèsis.
2. Fleksibilite,depi nan laj 40 lane fleksibilite nan fanm diminye anpil,yoga karakterize nan ogmante fleksibilite ak ranje jwenti,tendon ak ligaman,sa a anpeche blesi epi bay pi bon sante.
3. Abilite pou konsantre,meditasyon ak egzèsis yoga ogmante kapasite nan konsantrasyon ki pèmèt fanm pi pwodiktif nan divès aktivite yo (etid, travay, nan kay la, elatriye).
4. Anviwònman Sosyal,pratike yoga an gwoup pèmèt nou kominike ak lòt moun ki gen menm enterè(moun ki konsène nan devlopman fizik,mantal ak espirityèl).

 

 

5. Fòs nan misk,wi rezilta benefis yoga pran yon titan.li enpòtan pou yon moun mete konsantrasyon sou travay li byen pou rann misk yo gen fòs san sakrifye elastisite(ki vle di leve pwa lou).
6.-Pou tout laj,gen plizye kalite yoga diferan ki konsantre sou diferan nivo aktivite fizik,pami yo nou jwen prensipal sa yo kise”kundalini yoga,hatha yoga,yoga terapetik”elatriye.Akòz gen plizye kalite se sak fè tout fanm nan tout laj ka pratike l
7. Doulè règ oubyen vant fèmal,anpil fi itilize yoga pou soulaje doulè règ bay,gen anpil pozisyon ki soulaje doulè sa,fi ki pratike yoga santi mwens estrès epi yo afwonte doulè règ la pi fasil.
8. Menopoz,yoga ede balanse sistèm andokrin fanm nan epi li amelyore chanjman òmòn yo ki gen anpil efè negatif nan fi
9. Gwosès,yoga anvan akouchman bay anpil benefis pandan gwosès la egzanp ogmantasyon resistans ak fòs nan misk.Yoga pèmèt pi bon absòpsyon nitrisyonèl pou manman ak ti bebe a.