4 bwason ki domaje seksyalite gason

Yo idantifye gen plizyè kalite bwason ki afekte seksyalite gason lè yo konsome twòp
Ki bwason sa yo ye?

Kola
Yon gason ki bwè plis ke 1 lit chak jou,gen mwens ke 30% pwodiksyon espèm,konpare ak moun ki bwè dlo natirèl

Kafe
Bwè yon tas kafe anvan aktivite seksyèl ogmante aktivite espèm nan epi amelyore pèfòmans,men bwè plis ke 3 tas redwi espèm la

cafe-cappuccino

Alkòl
Alkòl bay pwoblèm nan espèm dapre chèche yo,li pwovoke pwoblèm sosyal,mantal,emosyon ki afekte anvi pou sèks ak difikilte pou fè l

Te mant

Li pwodui chanjman òmòn ak diminye nivo testostewòn kise òmòn maskilen gason,li afekte androjèn.Sa se òmòn ki responsab devlopman ògàn seksyèl gason,ki gen ladan kwasans cheve,chanjman vokal ak fètilite.

Envestigasyon sa a pa di pouw sispan bwè bwason w jis pouw fè atansyon ak jan wap bwè yo,nou konn sa deja tout bagay nou konsome twòp gen konsekans yo.

whiskey_drink_glasses_table_cube_ice_76627_3840x2400