Sispan fè jalouzi pou anyen

Jodi a nou pote yon ti konsèy pou w.

 

Evite fè jalouzi nan maryaj ou. Sak toujou pi mal nan yon relasyon se jalouzi.
Nou pa sipoze viv konsa nou dwe gen konfyans youn pou lòt. Yon jalouzi ka kòz relasyon an kraze. Pafwa w fè mari ou fè jalouzi pou anyen jis pou w ka nwi l oubyen pouw wè sil renmenw konsa tou ou ka pèdil nan ti jwèt sa

 

 

Sonje byen lè konsa se plis mal wap fè relasyon an. Pa janm kite mari w panse bagay mal sou ou.
Evite pale anpil ak zanmi gason nan telefòn sa pap fèl byen. Chak jou ou dwe defan relasyon an. Lè w fache ak li pa pran pòz ou gentan ka jwenn lòt moun. Ou konnen saw genyen men ou pa konn saw pral jwenn.