8 FASON POUW FE CHEVEW POUSE PI RAPID

Grandisman cheve se anjeneral yon santimèt pou chak mwa. Sepandan, gen kek fason ki ka edew pi vit ak pwosesis sa a.

 

Men kèk bon konsèy pou ede  chevew pouse pi vit:

 

Enpòtans rejim alimantè oubyen dayètKonsomasyon manje ki an sante ki rich anpil nan vitamin ap ede ou genyen cheve ki pi long ak pi fò.Manje rich nan omega 6 ak omega 3, pa egzanp: Somon, tankou antioksidan, ki ogmante dansite cheve.Yon lòt bon opsyon se pwoteyin ki baze sou plant yo. Pa egzanp: pwa, Yo genyen lòt eleman nitritif tankou legim vèt, manje ki gen anpil fè ak  biyotin, ki bon pou sante chevew. Sante kwi cheve aYon cheve fò egal a yon po tèt fèm. Kèk etid di ke masaj sou po tèt  chak jou ogmante epesè nan cheve a. Evite vye pwodi ekonomik eseye itilize bon pwodwiGen yon mit ki di ou ta dwe koupe pwent cheve a chak 2 mwa pou  kenbe li an sante.Si w ap itilize yon bon chanpou  ak yon bon rins, bon tretman souvan , etc… Ou ka pase jiska 6 mwa san ou pa bezwen koupe pwent yo.

 

 

Pran prekosyon  ak fè chou oubyen mare cheve a sereFè chou ki pa sere bon pou cheve a ke chou wo ki sere sa rale cheve a plis ki lakòz domaj tankou bò tèt ak dèyè tèt kale, siw penyen tèt ou twò sere.  Enpòtans  bwose cheve aSi ou ka achte yon bwòs natirèl, fè sa. Sa ap ede estimile po tèt la konpletman fè cheve a grandi pi vit. Bwose  chevew ede  san nan po tèt ou sikile pi byen, sa pote eleman nitritif ki enpòtan pou  rasinn yo, sa rann yo fò ak sante . Pase lwil natirèl soti nan rasinn cheve a jiska pwent yo bon anpil.Sonje bwose ak swen san fòs, evite rale cheve a.  Evite fo cheve Si objektif ou se grandi cheve ou, sèvi ak fo cheve pou peryòd tan ki kout epi sèlman nan okazyon espesyal.  Grèf, alonj , ak ti kouri sere sere rache cheve ou soti depi nan rasinn lan.      Kite chevew repoze Plis ou lave ak penyen cheve ou, plis domaj ou ka koze, kidonk nou rekòmande ou diminye li nan yon minimòm. Sepandan, Abstinans se pa solisyon an sèlman. Si ou lave cheve ou ak pwodwi ki gen kalite siperyè (pwoteksyon pou chalè ak ingredyan  ki pa danjere), ki pap maltrete po tet ou pa poze yon pwoblèm.


Zòrye swa
Dòmi sou zòrye swa diminye friksyon cheve ou kont twal la, sa evite cheve yo rache . Nou rekòmande pou chanje sak zòrye yo (pa egzanp koton) pou sak zòrye saten. Konsey sa se  pou ede cheve ou grandi pi vit , pi bèl e an sante.