Kouman pou w netwaye tèt tiyo douch?

Nap pataje yon lot ti sekre ak ou,konsa wap elimine depo mikwob ki sou tet ou a le wap benyen

 

1. Wap bezwen vineg ak yon ti sache plastik

2. Vide yon ti vinèg nan sache plastik la

3. Antre sache a nan tet tiyo a epi mare l,ranje l byen poul pa tonbe

4. Kite tranpe tout nwit la,asirew ke tout moun gentan benyen pou w fè sa

The-Adventures-Of-Greg-Jacobs-www.greg-j.com-World-travel-blog-family-holiday-vacation-website-Savvy-Hotel-Showers-that-Steep-your-Senses

5. An demen retire sache a,fwote tiyo a ak yon eponj

Li fasil,nou toujou di w sa ou jis bezwen eseye pa gen anyen ki enposib,li ka konplike oubyen difil,enposib non,kreyativite se pi bèl bagay kite ka genyen.