Konsèy pou souke matla a ak dra konsa wa pi byen repoze

Nan atik sa wap jwenn kijan pouw netwaye matla ak dra w.Li enpòtan pouw konn fè bagay sa yo
Yo pa rekòmande pou yon moun ranje kabann li lèl fenk leve,ou mande tèt ou poukisa?limyè solèy la se prensipal ènmi mikwob se sak fè yo toujou di kite fenèt yo ouvè pou yon titan,lew santiw ka ranje kabann lan anpil nan yo ap gentan mouri.

Sèvi ak bikabonat ak dezenfektan lwil esansyèl.

Engredyan

2 kiye bikabonat
2 gout lwil santi bon

Ou ka chwazi nenpòt lwil santi bon,nan yon mo sant ou ta renmen chann nan genyen an,melanje bikabonat la ak lwil yo mete yo nan yon ti boutèy flite tout kwen matla ak kabann nan,kite cham nan fèmen pou 2 èdtan,apre tan sa ouvè pòt fenèt pou van ka antre avèk matla ap vin tou nèf pouw dòmi,wap respiri pi byen,menm siw nan travay wap vin ap panse ak kabann ou.

colchon

Dezenfekte zòrye yo

Sa enpotan tou pouw fè,gen yon solisyon ki fasil ou ka fè

1/2 tas bikabonat
1 kiyè vinèg blan

wap gen pouw lave zòrye yo nan denyè rense a wap lage melanj sa apre wap mete l nan solèy pou chèch
Ou pa bezwen paralize tèt ou nan yon chann ki pa santi bon siw pa gen kòb pouw achte pwodwi ou ka fè ti pwodwi sa yo lakay ou konsa wap dòmi epi respire pi byen.

almohada