Salad miks

Salad la ka fèt ak nenpòt lòt bagay menm ak macaroni,diri,patat,pigaw panse ou paka mete fri tou kap bal yon bon gou kote tout moun nan kay la ap renmenl.Yon ti bagay ankò eseye mete yon ti melon frans ki pa dous nan salad la wa wè ki gou li genyen,nou ka eseye melanjel tou ak pòm,pwa,frèz ak nwa…humm gad jan li gou!
Engredyan

unnamed (42)

 

– leti
– De tomat mi

– touna

– Yon konkonb

– Yon zonyon

– Yon ti bwat mayi

– Sèl

-lwil oliv

– Vinèg

Preparasyon

Salda miks lan li fèt espesyalman ak leti,tomat, zonyon, mayi ak touna,gen moun ki chwazi mèt lòt bagay ladan tankou konkonb,man dous.

Poun preparel nap kòmanse pa lave leti a byen ak anpil dlo gendwa e li nou pi renmen nan tout melanj sa,nou ka mete nenpòt kalite leti,nou lave leti a byen apre nou kitel yon kote pou dlo a sòti ladan,apre nou lave tomat la byen lave nou koupel an won nou metel nan menm bòl ak leti a,apre nou kale zonyon an epi nou koupe an ti tranch fè,nou mete 2 ti mamit touna ak bwat mayi a epi nou byen melanje yo.Nou mete lwil oliv,vinèg gen plizye kalite vinèg toujou bat pou sa nap manje yo se bon kalite yo ye,depin fin byen melanje vinèg,lwil oliv la ak salad la li pre poun manje la.

unnamed (44)