Kijan poun pran swen finans nou?

Poun ka kenbe nivo vi a,nou antre tèt nou nan dèt nou pa menm ka peye paske nou touche mwens kòb ke san prete.Sak bon se reòganize vi nou pou w gen yon ekonomi an sante.

Premyeman:

Se pou nou reyalis ak sitiyasyon ekonomik nou
Mete tèt nou nan sitiyasyon ekonomik reyèl nou
Fè yon bidjè de revni ak depans mwa
Distribiye valè sa yo nan yon fason kote depans nou yo pa janm pi wo pase revni nou yo.

ahorro3

Dezyèmman:
Sere men pa sere nenpòt bagay li dwe 5% nan kòb nou touche chak mwa,siw vle li ka yon 10% tou
Bat pouw toujou sere saw di a kou w fin touche
Achte ak entelijans,sa vle di pa achte pou fè plezi oubyen renmen,achte siw bezwen,pa plede achte ti rad ou pa menm ka fè yon bon sòti,vire tounen wap achte sirèt,bonbon,karamèl ki pral fèw gwo ankò,fè yon poze sou bagay sa yo wap wè valè kòb wap genyen nan yon mwa.

ahorro2

Twazyèmman:
Priyorite depans ak dèt yo
Gade konbyen w dwe,fè yon plan pouw wè kijanw ka peye l pi vit ke posib
Siw gen anpil dèt,ou ka chache fè yon sèl gwo dèt pouw peye tout ti piti sa yo epi apre wap gen yon sèl dèt pouw peye.Sonje plan se pouw peye dèt,se pa pouw kreye plis pwoblèm,lè yon moun dwe sa bay anpil estrès,ou dwe pasyan epi egzèse fòs ak volonte pou ka evite demotive.Ou dwe konnen tout byennèt jenere yon bon ekonomi ki vle di yon pi bon kalite lavi pou ou menm ak fanmi w.Mwens enkyetid se toujou sinonim bon sante.