5 Fason pou w ka pi atraktif dapre syantifik yo

5 konsèy syantifik yo bay pouw ka pi atraktif pa gen moun kab resiste ak cham ou yo

1. Kontak vizyèl

Moun ki damou an kenbe 75% kontak vizyèl pi fò fwa yo,dapre Zick Rubinki Sikològ sosyal nan Inivèsite Harvard ki fè yon gwo etid sou lanmou.Entimite nan moun ki renmen ogmante
e plis,lè youn ap gad lòt nan zye.

Aprann gade nan zye!

2. Koute,koute epi koute

Yon etid resan ak yon gwoup Sikològ nan Inivèsite Nevada ak University of Washington di moun ki koute yo,plis atire.Gen moun ki renmen pale de tèt yo,yon fwa yo fin di sa yap di a,yo pa koute lòt la kap pale.Nou dwe koute lòt moun ak anpil atansyon si nou vle lòt moun koute nou,anplis sin bezwen koutize moun sa a.

hearing-41428_960_720

3. Fè moun nan gen konfyans nan tèt li

Nou tout vle pou yo ban valè,santi gen yon moun ki bò kote n,ebyen di moun sa tout sal vo,epi dil saw renmen nan li,fè moun sa santil tankou yon ganyan,78% moun ki separe ak patnè yo di,yo pat gen valè nan kay la

4. Souri plis

Dapre yon etid nan Inivèsite Drake,yo jwenn souri se kle pou fè moun tonbe nan pye w.Lè yon moun souri li pi atraktif,bèl epi li santil asire nan tèt li.

girl-726212_960_720

5. Chache plis kontak fizik

Yon etid nan Inivèsite Harvard revele plis ou manyen moun nan,wap jwenn plis satisfaksyon nan relasyon an,sa vle di ap gen plis kè kontan.Lè nou gen kontak fizik nou sekrete oksitosin,se yon òmòn ki fè nou renmen,epi fen fidèl,se menm òmòn sa ki fè nou renmen.Kòmanse pa bay lanmen oswa bay akolad.
Kisa w panse?Eske ta renmen ajoute yon lòt bagay? Nap tan li nan kòmantè.