Siyal ki pwouve yo pa valorize w jan sa dwe ye

Depi se nan yon sitiyasyon konsa ou ye,kòmanse ranmase pakèt ou,se pa move konsèy men renmen tèt ou anvan se sak pi enpòtan ou fèt pou viv byen,men se konn jere viv byen sa ki pwoblèm nan.

1.Ou pa janm santi presans moun nan

Nan tout sa wap fè moun nan pa janm fè aparisyon l,li pa mouri men se komsi li pat la,ou vle motive nan kèk bagay men li pa baw ankourajman,ou santi ou pap rive reyalize anyen ak moun sa,tout bagay ap degrade nan yon sans.

2.Zanmiw edew plis ke li

Zanmiw yo fèw santi w ap viv ke li,yo toujou la pou ou li menm non

3.Li pa janm sonje ki enpòtan pou ou

Li toujou bliye jou ki enpòtan nan viw tankou:jou fèt ou,entèvyou travay,nenpòt evènman ki enpòtan pou ou

pexels-photo

4.Ou pa sonje dènyè fwa li te fèw santiw espesyal

Sa pa vle di chak jou pou yap felisitew,men ou ka wè depi lè moun lan nan viw li pa janm diw anyen ki pou fè kè w kontan,ou pa menm sonje depi kilè li diw “li renmen w”.

5.Ou santi li pa konplete jwa w

Tou jounen se yon diskisyon pa gen anyen ou fè ki bon,pa janm gen antan nan sans sa pa gen lape,ki entere pouw kenbe yon relasyon kote lèw lwen moun nan ou santiw pi byen.Ou pa kontan a 100% paske ou santi w pa konekte ak li.

6.Li paka depoze telefon li lèl avèw

Lèw ekril yon mesaj li pran anpil tan poul reponn,lèl bo kote w poul ta pwofite pale ak ou telefòn nan pa bal tan,li pap pase yon minit poul pa reponn lòt mesaj yo,sa montrew se paw la li pa konsidere.

7.Ou santi li trete lòt moun pi byen ke ou

Zanmil gen plis enpòtans ke ou,tout sa yo dil se sal fè,li pa pran konsèy ou,sa pa fèw byen ditou,men lèw dil sa se kòmsi se fen mond lan tèlman li reponn ou mal,relasyon sa pa pote anpil fwi,se lè pou w ranje bagay yo oubyen fè yon pa sou kote pou pwòp byen w.