Konsèy pou aktif epi dòmi pi byen

Menm sil difisil pou nou dòmi gen bagay nou ka fè poun ka dòmi vit,syantifik yo konfime tout
Lè nou pa dòmi jan poun domi,sante nou ap afekte,anplis lap kreye estrès ak enkyetid,nou prale lwen bon emosyon,nap vin gen move jan.Yon moun ki pa dòmi anpil,toujou leve ak fatig,fenomèn sa vin komen anpil ak bagay elektronik sa yo,moun nan rete pase tout nwit lan sou entènèt,bagay sa yo se distraksyon nan lè dòmi an,ak tout sa gen jan nou ka chanje aktitid yo epi fè yo plis pwodiktif,sèlman wap gen pou swiv ti konsèy sa yo:

Kite kafeyin:Bwè kafe se yon bon bagay pou konbat kont fatig,men li ka fè pati nan pwoblèm paka domi an paske kafeyin chanje nivo òmòn melatonin nan sèvo nou,se poutèt sa nou pèdi dòmi an.
Chache fènwa:Toujou asire w tout limyè nan chanm ou etenn ak tout limyè ki ka antre nan relasyon ak òmòn melatonin nan,limyè ble pa bon pou sèvo a,li toujou fè sèvo a konprann li jou lap twonpel.

Pa bwè alkòl:konsomasyon alkòl ka pwodwi maladi,sa pral fèw fatige pirèd toujou,epesyalman siw soufri lensomni
Dekonekte w ak telefòn ou:Li gendwa parèt difisil,li esansyèl pouw kite telefòn ou sou kote,gade nan yon bagay elektwonik anvanw dòmi ap afekte jan pouw dòmi,li te mèt ablèt,oswa televizyon.

Pran yon beny:Pou kèk moun benyen anvan yal dòmi se sa kap fè dòmi an vini paske yo santi yo vre pa gen lòt bagay pou yo fè ke dòmi

Kreye yon abitid:Woutin se kle pou anpil bagay,menm pou dòmi,ou ka kreye youn pou w dòmi,depi lè a rive lap baw sansansyon dòmi a

Pataje kabann ou ak yon moun espesyal:Yon koup ki konpote yo byen epi yo gen yon bon relasyon ap dòmi pi byen paske yo nan amoni epi kè yo kontan.

Fredi:Ou pa dwe janm santi fredi nan moman pouw dòmi,toujou kenbe chanm lan nan yon tanperati nòmal kotel pa ni frèt ni cho

Kouvri pye w ak men w:Depiw santi men w ak pye w toujou cho,sa ap fèw dòmi pi byen toujou,mete ba nan pye w epi kite men w anba dra a.

Mizik:Mete kas nan zorey ou oubyen ouvè radyo sou mizik klasik,konsa kalite dòmi an ap amelyore
Esans:Toujou fè chanm nan santi bon,sa pal ede w dòmi pi byen,pa janm antre ak manje nan chanm ou
Melatonin:Siw gen lensomni kwonik nan yon sans tout saw fè ou pa janm ka rive domi,li lè pouw konsilte yon doktè
Bon panse:Bay tèt ou van,mete yon kote tout pwoblèm ou te viv nan jounen an,sa ap edew dòmi pi byen,panse ak bagay positif,fè kè w kontan.

Respirasyon:fè egzèsis respirasyon epi konsantrew nan jan wap ekpire a pouw ka relache lespri w,sa ap ede ko w jwenn ritm pou l dòmi an.