Konsèy pou evite marengwen mòde w

Lè epòk lapli gen moun ki renmen sa paske dlo ki sòti nan zyèl la ap mouye tè a pou manje ka pouse epi pou retire pouzyè,pa mande sil te fè anpil chalè,konsa tou genyen ki pa sipòte l swa pou yon rezon oubyen pou yon lòt,konsa tou yo ka wè lapli chak jou a fè vi yo konplike.

 

Se pa sèlman fè tèt cho pou dlo a kap degoute yon kote nan kay la,lapli bay anpil maladi tou,kòz marengwen yo paka rete nan pye bwa se andan kay yap Chache refij.
Nou dwe pote atansyon ak Chikungunya epi Denge yo tou de a transmèt maregwen pye blan,fòn sonje tou anplis yo ka bay vye maladi lè yo pike nou,konsa tou yo piken pou yo ka nouri tèt yo.
Ou pa bezwen enkyete w,pase tan w ap panse saw pral fè nan epòk lapli ak bèt sa yo,nou pote konsèy pouw ka rezoud pwoblèm ou an.

 

rain-411784_960_720

 

Ki pi bon fason w ka evite marengwen pike w?
Jan pou fè sa senp,chache konnen kobyen jou yo viv ak diferan jan pouw anpeche sa,marengwen yo ap chache kote ki gen dlo pou yo ka depoze ze yo,dlo sa gendwa se nan doum,boukit,flè yo tou,menm nan ti bouchon ki rèt atè a,ou ka anpeche sa ou menm byen fasil,kòmanse travay la andan lakay ou,kouvri doum ak boukit ki gen dlo yo epi pa kite bouchon koka kola atè pou vin kenbe dlo,chanje dlo nan flè yo chak jou.

 

Mete pantalon ak kòsaj manch long
Yon bon bagay ou ka fè ankò,depil aswè wap sòti oubyen rete lakay ou pa rete ak rad san manch ni pantalon kout,bat pouw toujou byen pare nan epòk sa tout jan,mete rad ak jip ki lach oubyen evaze,yap sèvi w pou de bagay,premye a seke wap santiw pi alèz konsa sitou nan yon epòk lapli,chalè epi marengwen yo pap jwenn kote pou yo mòde se nòmal si rad la plakew depil poze sou ou lap gen chans pike w.
Evite rete deyò pou anpil tan

 

Depiw fin fè tout saw gen pou w fè pa rèt chita nan lakou oubyen sou galri se yon fason pou evite marengwen pike w,siw swiv ti konsèy sa nou panse ap gen mwens moun kap malad nan epòk lapli.