Woutin yon fanm ki gen konfyans nan tèt li

Lè yon moun ap eseye poul parèt bon nan tout bagay,sa pa natirèl paske se lòm nou ye,nou pap janm ka pafè,yon fanm ki gen konfyans nan tèt li pa gentan poul panse konsa li renmen tèt li pou sal ye ak sal pa ye,li pa fè tripotay,li pa pase tanl ap pale lòt moun mal,men yo plis kosantre nan regle bagay pesonèl,pou yo ka gen yon vi miyò.

 

Yo Pa gen dout nan tèt yo
Fanm ki kwè nan tèt li a,pa janm doute de kapasitel poul ka reyalize sal vle a,anplis li antoure ak moun ki kwè nan li ki ka edel pwogrese.

 

Li eksprime sal santi
Yon Fanm ki kwè nan tèt li,pa kache santimanl,li ekprime sal santi,li evite blese lòt moun,men li toujou ap manifeste sa ki andan l.

6771f6caa4ef0488a7778bbd0d184834

Li endepandan
Yon Fanm ki kwè nan tèt li konn kijan poul fè atansyon,epil konn sal bezwen

 

Li konnen kilè poul di wi ak kilè poul di non
Lè w se yon fanm ki kwè nan tèt ou,sispan bay tèt ou pwoblèm sou sa lòt yo ap di sou ou,sispan fè moun plezi koute kèw.

 

Li toujou ap chèche solisyon
Nou konn sa deja preokipasyon pap mennen okenn kote,se sèl aksyon ki konte,lèw se yon Fanm ki kwè nan tèt ou,pa kite pwoblèm nan dominew si non gade kijan ou ka resoud li.

 

Yo riske
Yon Fanm ki kwè nan tèt li pa pè defi,li kwè li gen fòs ak kapasite poul pouse pou pi devan,li toujou ap sòti nan zòn konfòtab li poul ka ale pi lwen toujou epi rive nan objektif li.