Konsèy pou lave rad ti bebe

Se poutèt sa nou konseye w lè wap bay timoun nan manje mete yon bavèt anba kou timoun nan pou rad li pa sal oubyen tache,siw ta wè ak tout timoun nan gen bavèt rad li sal kouri lavel ak yon ti savon dlo pou retire kras manje a paske gen manje ki tache,fè atansyon pou kras manje pa rèt nan rad la pou timoun nan pa fè alèji avèl.

 

Rad ti bebe yo ka lave nan machin tankou nan men
Rad ti bebe 6 a 8 mwa yo dwe lave apa,pa melanje yo ak rad granmoun,paske lè timoun nan piti li pa gen menm defans ak granmoun poutèt sa nou sipoze fè anpil atansyon lè nap lave rad ti bebe yo,si se nan machin bat pou lave yo anvan nenpòt lòt rad la.

 

unnamed

 

Anvan rad ti bebe yo lave nan machin toujou bat pou retire tach nan rad la,pouw ka fè sa mete yo tranpe nan dlo cho ak savon nan jou anvanw lave a,lide a se elimine tach nan rad yo.

 

Se yon obligasyon poun lave rad ti bebe ki fèk achte
Lè yon rad tou nèf sa pa vle di li pwòp paske gen anpil kote li pase anvan li rive nan magasen pou li vann nan.Sin ta metel sou timoun nan san lave sa ka kòz yon alèji anplis li gen anpil mikwòb.

 

unnamed1

 

Lè nap pale de rad ti bebe nou pa sèlman fè referans ak rad pou nou abiye timoun yo men ak dra,fouwo,sèvyèt elatriye.