10 konsèy pou manman modèn

Pa neglije li atik sa kap edew anpil,sitou pou ou menm ki bliye si mariw egziste

 

1.Pa fè tout bagay ansanm
Siw deside fè tout bagay ansanm wap fini pa kite tout nan mwatye wout,se youn apre lòt,siw gen yon bagay pouw fè nan travay ou fin fèl apre wap rele lakay ou pouw konnen kijan tout bagay ap mache,konsa wa evite pèdi plis enèji lè wap travay,ni ou pap bliye anyen nan saw te gen pou fè pou jounen an.

 

2.Tan pou ou
Apre tout obligasyon sa yo,lè fè midi pran yon ti repo anvanw kòmanse ak rès bagay ou gen pouw fè nan jounen an,imajine gen moun ki leve depi granm maten se jis aswe yo repoze wap kraze konsa,menm jan lòt bagay yo ki se yon obligasyon,nap fèw konnen se yon obligasyon tou pouw repoze.

 

3.Yon plan romantik
Chak de semèn sòti ak patnèw.ale nan restoran,plaj epi konsakre tan pou nou de a,pa pale de timoun yo kite sijè sa pou yon lòt jou,jwi moman san gade dèyè.

 

ronald-van-der-meulen-1230513_960_720

 

4.Mizik Klas
Tande mizik klas sitou si wap kondwi,pouw ka pa ale rapid men wap pran bagay yo pi dousman,pa mande siw gen timoun nan machin nan mizik sa ap ede yo tou.

 

 

5.Pa tounen yon moun fou nan fè netwayaj
Siw rive lakay ou,janw te panse ou tap jwenn bagay yo netwaye a se pa konsa jis trankil pa al fè anyen,kitew repann fòs ou,pase tan ak pitit ou jiskaske ou ka fè kèk bagay.

 

 

6.Sòti ak zanmiw
Pa janm kite zanmiw sou kote,fè yon ti tan sòti ak yo,ouvè konvèsasyon ak yo,wap wè kijan sa pral edew,bat pouw jwi chak ti moman sa yo.

 

 

7.Timoun modèn
Yon manman modèn bezwen timoun modèn,fè tout moun ranje kabann yo,ede ak kèk travay nan kay la,apran yo responsab pou yo ka konnen oubyen sonje tout sa yo gen pou fè sitou devwa.Eksplike yo depi gen yon bagay ki pou fèt se fèl konsa la gen plis tan poul jwe apre sa.

 

girls-1487823_960_720

 

 

8.Konnen fanmiw
Lèw konnen ki jan pitit ou ye,ki sa yo renmen,sa yo santi,kisa yap viv,sa pral ede w pi pre yo epi vin yon pi bon manman.

 

9.Ou pa pafè
Ou dwe konnen nan kisaw fèb,pigaw obsede de ou panse ke tout saw fè bon,pa jan monte tèt ou kòm moun ki pi bon ni kite yo diw sa paske ou se lòm desan sou tè.

 

 

10.Pale ak fanmi ou
Vizite fanmiw,manman,frè,tonton,pale ak yo,yap toujou gen yon bon konsèy pou ou.