konsèy pou simonte doulè nan do natirèlman

Doule nan do se yon bagay ki afekte popilasyon an anpil sitou moun ki travay chita.Nenpòt moun ka gen doulè sa sanzatan.
kèk rekòmandasyon pou venk li natirèlman

 

1.Chita byen
Kenbe yon bon pwèstans se yon abitid senp ak ansante ki pèmèt yo diminye doulè nan do,se yon mezi senp ki kenbe misk yo an plas epi bay kolòn nan sipò

 

2.Fè Egzèsis
Pratike egzèsis fizik ak detire ap sèvi pou soulaje epi redwi repetisyon doulè a,menm siw ap repoze doulè a ka retounen nenpòt moman.

 

3.Goumen pou yon pwa nomal
Inaktivite fizik ak twò gwo gen anpil pou we ak doulè do sa ki pa janm pase,misk yo vin fè plis efò pou yo sipòte chaj kò aki depase kapasite yo,pou soulaje pwoblèm sa yo,nou dwe amelyore rejim alimantè a ak adopte abitid tankou egzèsis fizik.

 

Bajar-de-peso

 

4. Itilize yon boul tenis
Anpil fizyoterapis ak antrenè fizik itilize boul tenis kòm yon eleman ki ka geri doulè nan do.Lè yon moun mete
boul sa anba dol,li fè ti mouvman dousman kap amelyore sikilasyon san an.

 

5. Leve pye yo
Se yon teknik ki senp,lè w sòt travay ou rive lakay w ou,leve pye w pouw pa santi doulè ak fatig.Egzèsis sa a pèmèt sikilasyon san aktive depi nan pati enferyè kò a epi optimize oksijenjenasyon misk yo.

 

6. Dòmi byen
Dòmi byen gen pou wè anpil ak lè,yon moun ki pa dòmi 7,8 edtan ap gen doulè nan do,pandan wap repoze misk yo detann,sikilasyon san an amelyore nan do,kou ak zepòl.

 

7.Bwè te pou doulè
Bwè te kont enflamasyon 100% natirèl pou kontwole doulè nan do

 

8. Mete konprès frèt ak cho
konprès frèt ak cho se yon bon solisyon pou minimize doule misk ki afekte do a,li amelyore sikilasyon san an epi redwi nivèl enflamasyon an.

 

descarga