Konsèy pou boule kalori nan moman estrès

Evite manje lè wap gade televisyon
Gen moun ki gen pwogram yo kon gade,oubyen yon fim men pou yo chita devan televisyon an si yo pa gen yon bòl manje nan men yo yap santi yo manke yon bagay.Gade televisyon an pa yon pwoblèm,men pwoblèm nan se manje ki nan men ou an,chak tanw pral gade televisyon sèvo w ap toujou mandew pouw repete menm bagay la.

 

 

Manje nan asyèt ki pi piti,gen etid ki wè manje nan yon gwo asyèt ògmante apeti nou,sa ka parèt yon pawòl moun fou men se rayalite .

 

 

Manje salad anvan,lèw rive lakay ou fatige ak grangou,men pa ale twò rapid bat pouw manje salad anvan pa kouri monte sou lòt manje,gen anpil salad ki fasil ou ka fè oubyen ou manje yon fri gen plizè ou ka pran,lè konsa wap manje fib,mineral,vitamin elatriye.

 

Pa bliye dlo tanpri,pa gen lòt jan ou ka idrate pi byen ke ak dlo,li pa gen kalori,pwodwi chimi ni gou,li pa gen anyen ladan kòw ap refise,gen anpil moun ki gen pwoblèm pou bwè 2 lit dlo chak jou men se jis mitan granmoun yo bwè paske yo pa sonje,lè yap travay yo pa vle leve oubyen yo pa gentan.

 

5e410409-35e6-4f78-ad36-bf468c3e86c4

 

 

Kouri pou bwason atifisyèl yo,siw se fanatik kola,li tap bon pouw bliye yo siw vle desann,ak kola yo se yon ekip kalori vid wap pran ki pap fè anyen pouw ke maladi yo pral pwodwi.

 

 

Menm siw prese men lèw gen yon ti tan lib ou ka kouri manje yon kawot,pòm,fig mi,yon salad,ke pouw ta rete ap bwè kola paske ou gen estrès epi wap bwè mèt sou li ankò wap vin pi gwo sitou gen moun lè yo strese yo gwosi plis.

 

13a824c8201e5f434edfe865517aa980