Kisa mwen bezwen konnen poum òganize yon maryaj?

Yon maryaj pa prepare jodi,demen,se yon bagay ki pran yon ti tan se pa pou kòb wap bezwen non paske ou gen dwa gen kòb epi ou pa gentan jwenn sa w bezwen an.

 

Anvan tout bagay,ou dwe kòmanse chache rad,manje,souvni,dekorasyon,envite,siw jwenn yon moun ki konn òganize maryaj chaj la ap mwens pou ou,men si moun nan ap mandew la twò wo se lè sa pral kòmanse gen pwoblèm,wap gen pou fè tout pou kòw.

 

Kesyon milyon dola se”Kijan yo planifye yon maryaj pafè,poun pa mouri nan eseye?”
Siw se yon fi kap marye ane sa,konsèy sa yo se pou ou,yap edew fè maryaj ou te toujou reve a menm siw pa gen anpil kòb

 

1.Defini ki kalite maryaj ou vle fè:sak enpòtan se chwazi ki kote w ta renmen fè maryaj la,plaj,legliz,jaden,bò pisin,otèl.Se gou moun kap marye yo ki pou pase,li te met yon dezisyon komen,kote maryaj la ap fet la,dwe fasil pou envite yo.

 

2.Bidjè pou maryaj la,Li enpòtan pou koup la trè klè sou pwen sa a,pou yo evite fè twòp depans ki pa merite,tout sak kap achte dwe ekri nan yon kaye pou pa gen depans an mwen ni anplis.

 

3.Lis envite yo,li pral yon gwo maryaj oswa piti,jis fanmi?ou pran dezisyon sa deja,fòw chwazi yon kote pou envite yo pa twò kwense ni twò distansye se jis pou enite yo ka santi yo byen.

 

20140812154531_58839

 

4.Ki moun ki pral edew ak maryaj la,jou maryaj la ap pwoche,pral gen rès ti detay wap bezwen fè,pou sa wap bezwen yon ekip ki pou sipòtew epi ki konnen kijan maryaj la pral fè pou sal pral fè a ka itil,moun sa yo ka yon fanmi oubyen zanmi.

 

5.Revize tout detay,manje ak sèvis restoran an pral bay la,poul ka pi fasil chache yon otèl ou konnen ki bay bon sèvis,cheke tout detay:pla prensipal,tikè,Desè,bwason,moun ki pral sèvi,ak pri.Pi ga youn nan bagay sa yo prann pa sipriz.

 

6.Peye yon moun pou mèt seremoni an.Moun sa a pral ede w jou maryaj la,pou akomode envite yo,ede ke tout aktivite yo pase byen,konsa tèt ou pap cho nan jou sa.

 

Pandan wap planifye tout bagay sa yo,pa bliye kote w pral fè lin de myèl la,pi bonè w prepare maryaj ou,pa gen anyen kap rèt dèyè nan saw dwe fè yo.