Egzèsis pou fi pa dwe diferan ak pa gason

Reyèlman tout bagay depan de objetif,fisik chak moun.Fi yo gen tandans pou gen diferan objetif fisik ke gason lè yap fè espò,pifò gason se gwo ponyèt yo vle,ke pifò medam yo se vant pla yap chache oubyen pou yo gen yon fòm nòmal.

 

kondisyon fizik pou fi
Sa se yon woutin 7 jou pou tout kò a,li bon pou fi ki pa janm leve menm yon ti bwa alimèt men anvan sa depan de fisik moun nan,tout egzèsis yo ka fèt nan kay depiw gen objetif,wap bezwen ekipman ki mezi fòs ou.Esye li te mèt 30 minit anvanw benyen.

 

unnamed1

 

 

Leve pwa
pou ka kenbe batman kè a nòmal pandan wap leve pwa,anpil moun pran twòp tan lè yap leve fè yo pran twòp tan sa vin kòz yo pa pèdi pwa vre paske yo pa boule kalori,swiv pwogram sou entènèt pou ka wè byen kijan pouw leve pwa pou sa pa fè efè sou ou ni tou pouw ka jwenn bon rezilta wap chache a.

 

 

Kwis
Egzèsis nan pati sa se li ki pi enpòtan pou pifò fi paske nan tan sa anpil fi pa renmen jan fòm yo ye a,genyen ki konsidere pa yo twò piti lòt menm di pa yo twò gwo,okenn moun pa konn sa yo vle,ebyen sa pral depan jan moun nan pral travay poul jwenn rezilta lap chache ak kwis li a,li pap regrèt anyen tout bagay mande sakrifis ak objetif

 

Preske pa gen diferans nan sa fi ap fè ak gason jounen jodia,se pou tèt sa pigaw janm pansew pap kapab jis eseye ou ka kòmanse leve ti pwa jiskaske ou rive leve kantite ou kapab la men tout bagay jan nou diw la depan de fisik ou,siw pa santiw byen cheke yon doktè anvanw leve nenpòt pwa.