Ki benefis ki genyen nan bwè dlo ak bikabonat chak jou

Bikabonat se yon pwodwi trè popilè nan mond lan,yo itilize pou bouyi bwa ki di,men se pa sèl sa li ka fè plen lòt bagay ankò tankou fè kèk netwayaj ak amelyore sante,nou gen dwa pa konnen yo,pa enkyetew jodi a nou vin diw kèk ladan yo.Men si gen anpil moun nan tan sa se ak pwodwi chimik yo chwazi sevi men gen anpil lòt ki toujou konsève abitid lontan

 

1.Se yon anti asid natirèl.Dilye bikabonat la nan yon vè dlo li diminye enflamasyon ak gaz endijesyon,li soulaje dejessyon.

 

2.Antiseptik

Gras ak pwopriyete yo,li ka itilize pou trete doulè ak enflamasyon nan gòj

 

3.Soulage enfeksyon nan kanal pipi

Bwe yon vè dlo ak bikabonat ka sèvi tankou yon tankou yon baryè pwoteksyon kont enfeksyon nan kanal pipi,gras ak kapasite li genyen yo redwi nivo asidite nan pipi.

 

4.Konbat pwoblèm nan jwenti
Dlo ak bikabonat kontwole pH nan san,li diminye pousantaj asid la,epi aji tankou remèd pou konbat maladi sa yo.

 

5.Ogmante pèfòmans fizik
Asid laktik ki libere pandan aktivite fisik,nan sans sa li ka akimile nan misk ak jwenti yo,sa ka lakòz misk yo rèd epi fatig.

 

baking-soda-768950_960_720

 

6.Kontwole pousantaj kolestewòl
Bwè dlo mineral ak bikabonat gen yon efè pozitif pou diminye kolestewòl ki wo,espesyalman nan”move kolestewòl”
Koz lin gen yon nivo sodyòm ki wo,poutèt sa li pa bon pou moun ki soufri tansyon.

 

Kijan pou prepare dlo sa
½ kiyè bikabonat
1 tas dlo
Melanje de engredyan yo,epi bwè yo apre chak manje prensipal.

 

7.Pou soulaje refwadisman ak grip
Remèd bon pou konbat mikwòb ki lakòz rim sèvo,grip ak alèji

 

Men jan pouw pranl:
Jou 1:5 demi kiyè nan yon vè dlo,bwèl chak 3 èdtan
Jou 2:3 demi kiyè nan yon vè dlo,bwèl pandan tout jounen an
Jou 3:Bwèl yon sèl fwa apre manje maten ak manje aswè