Itilize vinèg pou netwaje bèt yo

Nou panse gen kèk moun ki sèvi ak vinèg pòm deja epi jwi benefis li yo,Eskew konnen sibstans sa gen pwopriyete pou lasante bèt lakay ou a?

 

1.Manje chen ki fèt ak baz sereyal yo,ka bay chen an pwoblèm lè poul dijere paske PH nan entesten an pi wo ke sal ta dwe ye a.Pouw ka evite sa mete yon kiyè vinèg nan manje a.

 

2.Li aji tankou yon pwodwi pou repouse parazit,nan yon boutèy dlo mete 2 kiyè vinèg,mouye chen ak chat la ak dlo sa chak jou.

 

3.Enfeksyon Zòrèy yo frekan anpil nan bèt,pouw ka anpeche sa mouye yon twal pwòb nan 1/2 vè dlo ak 1/2 vè vinèg,pasel andan zòrèy bèt la.

 

Vinagre de Maça

 

Anvanw fè sa,li bon pouw konnen nivo PH pipi bèt la,si PH a pi wo ke 7 nan sans sa vinèg pòm nan ka edel,men sil pi ba li posib poul bal pwoblèm.

 

Kijan wap fè konnen nivo PH bèt la?
Sèl jan ou ka fè sa,se mennen pipi bèt la kay veterinè

 

Retire sant pipi a,si sant pipi bèt la santi anpil,vide yon kantite vinèg melanje ak dlo kotel pipi a
Pou nou fini.Vinèg se yon dezenfektan ekselan ki bon pou netwaye zòn kote bèt la twalèt nan kay la.Eseye sèvi ak li epi obsève rezilta yo.