7 rad ou dwe gen nan pandri lakay ou,lèw gen 30 lane

Pa gen fi ki gen 30 lane,ki ta renmen poul wèl tankou youn 20 lane,se poutèt sa pandri nou dwe sanble ak laj,kò nou tou.Anvan pouw achte nenpòt bagay nan laj sa,dabò fòw konn ki kòw genyen pouw pa achte pou granmesi sepa tout bagay kap fèw byen menm si yo pou moun 30 lane.

 

Rad abako:Li ta sipoze yon bagay basik nan pandri w,li ideyal pou al mache,anplis li se yon rad ki senp anpil,fi ki sofistike yo renmenl,ou ka metel ak sandal,menm ak talon sa pral depan ki bote rad la genyen,paske wap toujou jwenn sak pi bèl ke lòt.

 

8219314568_b2bdc7e03b_b

 

Rad senp:Chache bèl ti rad chalè,li pa enpòtan pouw achte anpil,men jis chache sa ki fèw byen pouw ka ogmante botew,pouw ka toujou alamòd fòw toujou mete kèk ti rad basik kap fèw santiw byen nan kòw.

 

bicycle-1838605_960_720

 

Rad nwa:Li enpòtan anpil pouw gen yon rad nwa nan pandriw paske li pa sal fasil epi li bon pou nenpòt okasyon,chache modèl ki pi fèw byen an,ou ka metel nan nwit kou lajounen.

 

4ad30e571ddd11b7d2e0a3d678480d27

 

Rad anvlòp:Li bon pou nenpòt fòm kò,ou pa bezwen anpil akseswa ki pou fèw bèl,jis achte koulè ou renmen ladan

 

 

Rad koktèl:yon bèl rad koktèl ki gen stil epi bon kalite ap fèw parèt bèl anpil nan sans sa wap depanse plis kòb paske yo pa pou piyaj sitou lèn gen 30 lane.nou pa vle nou wè nou pa nan sosyete a,kite rad tinedjè yo dèyè,chache rad ki gen desen,fann elatriye.

 

1777fce9dcbdad64d282a8ae25a974b3

 

Rad ak flè:Li bon pouw gen yon rad konsa lakay ou,li ka itil nenpòt lè,gendwa yon envitasyon nan jaden oubyen lajounen,nou konnenl deja chak rad gen kote yo ale.

 

Rad roj:Se yon rad ou dwe gen nan pandriw pou nenpòt lè ou ta renmen pou mond lan tonbe nan pyew,li fèw parèt kòmsi ou fenk sòt nan pandri,li pa oblije yon wouj li ka yon koulè ki fèw parèt briye anpil oubyen koulè ki pi fèw byen an.

 

girl-1445256_960_720