Li fasil pouw retire move sant nan bouch

Sant nan bouch se yon bagay ki komen men sa pa vle dil bon oubyen mal,se yon bagay nenpòt moun ka genyenl,kòz bakteri ki fè plak oubyen asid sou dan yo.Li fè mal lè yon moun genyenl paske li pè pale nan piblik ni leve tèt li lè moun ap pale avèl.

Siw pa konpran sant bouch ou li tap enpòtan pouw lavel chak aprew fin manje,pa janm bliye itilize dlo bouch
Gen anpil fason ou ka evite sa,nou pral diw yo pi devan.

Fèy fre:Gen de fèy ou paka pa gen lakay ou,pouw ka fè te oubyen moulen yo tankou;pesil,fèy mant,romaren,fèy santi bon elatriye

peppermint

Chiklèt san sik:Moulin chiklèt ki gen gou kanèl,mant ap edew ak sant lan anmentan tou lap edew dijere
Vinèg pòm:Mete yon kiyè vinèg pòm nan yon vè dlo,fè yon dlo bouch avèl

fotono.1malaliento

 

Bikabonat:Li pa sèlman bon pou blanchi dan men li ede tou nan kesyon sant nan bouch,wap jis mete tikal nan pat ki sou bwòs ou apre ou bwose avèl,konsa tou ou ka chwazi fè yon dlo bouch ak li.
Yogout natirèl:Pwodwi sa li elimine move sant nan bouch,dan pike ak maladi nan jansiv
Po sitron:Ou ka moulen li valè fwa ou vle nan jounen an,lap kenbe danw pwòp san bakteri ki bay vye sant lan,siw melanjel ak dlo menm se yon bon dlo bouch lap ye.

lemon-521395_960_720

Li senp epi natirèl jan pou kenbe bouch ou san bakteri ak move sant.