Akimilasyon se yon maladi

Akimilasyon se yon kondisyon ki fè medam yo gen tandans soufwi ansyete,depresyon,pwoblèm sosyal
Men siy maladi sa

Ou gen yon gwo difikilte pouw jete bagay materyèl,li te mèt fini,chire,blaze se yon gwo pwoblèm pou wè wap jetel,ou prefere kitel la.

Li difisil pouw chanje vi wap mennen lakay ou a

Si yon moun jete yon bagay ki pa bon nan kay la se tankou yon moun ou genyen ki mouri tèlman ou kriye,ou gen gwo doulè pou sak fèt la.

Ou achte saw pa bezwen jis pou kay la ka gen anpil bagay

FotoNo.3compras

Ou toujou satisfè lè wap achte,se yon pouw gen yon bagay nouvo
Nan chak bagay yo,ou jwen yon siyifikasyon emosyonèl kew paka separe avèl apre sa
Sa pa fèw anyen si wap viv nan yon kay ki plen ak bagay sal,sa pa anyen pou ou,chak tan ki pase ou nan santiw pi atache ak bagay yo,ou paka viv san yo ni lwen yo.

Yon jan pouw rekonèt lè wap akimile,ou poze tèt ou kezyon sa yo

Eskel difisil pouw jete vye objè nan fatra?

eskew sere yon ekip bagay depi plisye lane,ak yon eskiz ke chak jou ou gen pouw repare yo,pouw ka itilize yo ankò?
ou gen tandans sere menm tikè sinema,nòt,bwat kado,ki fèw toujou sonje yon moun nan yon okasyon espesyal?
Ou janm planifye yon jou pouw fè travay lakay ou?

Pafwa ou konn pa gen kote pouw sere bagay,paske lakay ou pa gen plas ankò pou mete yo?

messie-1572492_960_720

Siw reponn 2 oubyen 3 nan kesyon sa yo,pran ti chèz baw pouw ka chita reflechi sou sa kap pasew la,pale ak fanmiw pou yo ka edew.

Gendwa ou poko soufri maladi akimilasyon sa men fil la tèlman fen,fòw fè anpil atansyon pouw pa tonbe nan pyèj sa