Si w pa idrate,lap afekte metabolis ou

Youn nan pi gwo erè nou fè se:pa bwè ase dlo!
Siw pa byen idrate ko a paka konvèti kabòn an enèji paske 70% tisi miskile se dlo,se inivo idratasyon an ki pral kenbe fonksyon l,lè yon moun dezitrate selil miskilè yo paka chaje resèv enèji,eleman nitritif ak asid amine.
Se pa sèl pèfòmans nan antreman lan ki diminye lè yon moun dezitrate ni grès yo tou,lap difisil pou moun nan twalèt,si yon moun bezwen pèdi pwa se poul bwè anpil dlo,chak pwosesis selilè nan kò a bezwen dlo poul fè travay li.Bwè dlo,espesyalman si l glase,ka ogmante 30% nan metabolis ou,menm kote a.

agua3

Retansyon nan likid =varis.Anpil fwa yo konfonn apeti ak swaf,se preske menm sentom nan,bwè dlo,kenbe w plen,evite swaf se yon sentòm dezidratasyon epi w pèdi 1% nan pwa dlo a.Asire w pouw bwè dlo anvan ak apre w fin fè egzèsis.

Bwe yon ve dlo 30 minit anvan w manje,pandan wap manje kèk ti gout pouw ka manje tout manje w.
Sa wap tann kouri al bwè dlo siw poko fè sa pou jounen an

* Ti moman pou bwè dlo *:
2 vè dlo le w reveye aktive ògàn nan ak metabolis la
1 ve dlo 30 minit anvanw manje diminye apeti ak amelyore dijessyon an
1 vè dlo anvan w benyen diminye presyon an
1 vè dlo anvan egzèsis amelyore pèfòmans lan
1 vè dlo anvan w dòmi anpeche atak kè

agua2