1 semèn anvan maryaj la

Nou konnen nan moman sa tèt tout moun cho,men pa bliye gen yon jan ou bezwen pou maryaj la sòti,dènye revisyon an se ou ki pou fèl,pran sanw chita epi gade si tout bagay janw vle a.
Lin de Myèl:siw gen pou voyaje apre maryaj la,pase nan ajans ak papye enpòtan pouw resève voyaj la,pa bay moun fè sa pou ou,pouw ka asirew tout bagay byen regle,rezèvasyon machin,otèl,sere yo menm kote ak paspò w,lè jou a rive ou pap nan kraze tèt pou ap chache.

Fè valiz:nan jou kap vini yo,wap chaje ak bagay pou fè,depi anvan maryaj la fè malèt ou,pran yon jou espesyal pou sa ak patnè w poun ranje valiz nou byen trankil,gade kote nou prale,kijan tan ap ye nan epòk la poun ka wè ak ki rad poun ale.

Tcheke vwayaj la:si se nan lòt peyi nou prale,bat poun gen kòb peyi a nan men nou depi anvan nou deplase
Bwote:fè aranjman tout sa wap bezwen ak patnè w poun ka al nan nouvo kay la,chache yon moun nou fè konfyans pou siveye kay la pou nou pandan nou pa la.

descarga (1)

Chèk pou sèvis:reyini ak moun kap òganize maryaj la,gentan fè tout chèk wap gen pou remèt nan jou a,bay moun ki responsab la yo poul ka distribiye paske jou maryaj la se pa ou menm pou yap rele mande kòb.
Kwafè:se pa lavèy jou maryaj la pou mesye a al fè cheve l,pou evite ti pwoblèm se 2,3 jou anvan sa pou l fè l,poul ka gentan abitye ak fòm figi moun nan.

Jou maryaj la
Dejene:dejene byen,se pa sèlman youn nan jou enpòtan pou ou,men lap yon jounen long plen ak emosyon,wap bezwen anpil fòs ak konsantrasyon poutèt sa byen manje nan maten.
Tan:bay tanw pou chak bagay tankou:rad la,penyen,makiyaj,ou dwe jwi pwosesis sa yo ak jwa san enkyetid
Rilaks:jwi,joua a resi rive,tout bagay ap sòti byen.Souri epi pa bliye mo ki pi enpòtan nan jounen an”Wi,mwen vle”