Maryaj san timoun

Okenn moun pa dwe mèt presyon sou ou pouw fè pitit,sa se yon dezisyon koup la
Anpil moun ap mande w pitit,pafwa gen koup ki pa menm gen sa nan lespri yo nan moman,tèlman gen demand,pafwa moun nan santil koupab,li vin soti yon defi pou moun nan leve,gen anpil koup nan mond la yo deside rèt san piti epi yo toujou kontan,gen yon mit nan peyi nou ki fen konnen pitit se byen malere.Anvan nenpòt dezisyon pou yon timoun se chita pale pou we kijan nou pral fè,nan ki pozisyon nou ye jodia,eske nou gen kote poun resevwa timoun sa?

Pa gen anyen ki mal siw marye ou poko vle pitit,pa koute bouch moun,paske yo pap edew ak li,pi devan se yo ki pral kritike pou di bon li pa kanpe sou anyen epi lap fè pitit,jis pran sanw pouw prepare vi w,pouw ka resevwa pitit ou a janw vle a.Li enpòtan pouw gen yon bon kominikasyon epi gen konfyans pouw ekprime anvi ak rev ou,sa wap tan nan lavi a ak mari w,gen sa kle nan tèt ou,konsa tout bagay ap anfòm.

E si youn nan nou ta chanje lide
Ak tan moun yo chanje,lide ak opsyon nou yo ka chanj tou,li posib apre maryaj la pou youn di li poko vle pitit,pa gen anyen ki mal nan sa,konsa tou sa ka rive tou de moun yo vle pitit yon mwa apre maryaj,men fòk chak moun byen kenbe responsabilite yo

Piga okenn moun deside pou ou anko
dezisyon an jan nou diw la se pou koup la,se vre timoun pote jwa,sitou pou gran paran yo,menm siw panse egoyis se ou ki pou pran pwop dezisyon w,ou lib pou viv,fanmi w va sèl patne w ak ou paske se konsa ou pito epi desidel
Gen timoun,gen bò positif li tou
Se yon bèl bagay yon timoun,yon fwa li rive nan viw,li eklere vi w,sitou nou menm fi kap fè anpil sakrifis pou pitit nou,nou dwe sense,yon fwa nou gen timoun nan vi nou pap janm menm jan anko,se yon bagay ki chanje vi moun,nou ka toujou bèl,men se pap menm vi lontan.

Pa gen timoun tou se byen
Piga w santiw mal siw pa vle gen timoun,sitou siw santiw byen jan w ye a,jwi moman sa ak patne w epi panse pou kilè nou deside fè yon timoun,pa mande siw pa gentan nan moman,lap difisil pouw gen yon timoun,paske premye mwa,ane li yo lap depan de ou,pa gen anyen ki mal si yon moun marye li poko vle pitit,jis aprann jwi epi pwofite chak jou.

Pa kite okenn moun jije bonè w,menm jan li ka diferan de rès yo.