40 lane relasyone ak bonè

Li enpòtan pouw konnen kritik ki genyen lè yon moun ap rive nan laj karantan ralasyone ak atitid sosyete a jenere.Sa depann de pèsonalite ak stil de vi fòm yon moun genyen pou siviv ak presyon sa a.
Si wap avanse nan laj karantan ou santiw pa fyè de tèt ou,pa kite tristès gen pouvwa sou ou,Kisa w ka fè nan laj 40? Nou pral diw sa pouw fè.

Chanje:se moman pou fe tout kalite chanjman:nan imaj ou,aktivite fanmi,fè pwomnad ak mari w,kominike,fè egzèsis,manje,kraze tout vye tristeès.

Pase tan ak patnè:se lè pou viv yon relasyon konple ak patnè w,reviv m,saw te komn fè nan tan lontan avèl ranpli ak lanmou,pasyon,sòti ansanm,vwayaje,chache kote poun ale ansanm epi jwi chak moman.
Ranfòse maryaj ou:rakonte sa nou fè ansanm,timoun yo,bisniz elatriye,diskite sou yo epi repase chemen an nou fè yo ansanm e sak fè nou ansanm jodia.

 

Kominike ak patnè w:kominikasyon se yon bagay ki enpòtan anpil nan laj sa.ekplikel janw santi lè w wè laj sa ap rive sou,analize ki chanjman ki ka genyen poun ka jere sa,konsa ap gen yon vi miyò pou nou tou de a,rakontel sou Laperèz ak ensekirite w.

Pa kite laj genyenw,santiw mal pou yon laj ou genyen pa gen sans,se yon bagay ou ka retire nan ou kounyea depiw vle,paske fòw grandi,fò pitit ou grandi tou,sa se moman nan vi a.Nan laj sa se lè pouw jwi paske timoun yo pa piti ankò.

Nou espere karantan w lan se lajwa ak bone li pote sèlman pou ou,pwofite ekperyans ak matirite pou kèw jis ka kontan,sèlman kontan.