Swiv ti konsèy sa siw gen yon adolesan ki rebèl lakay ou

Adolesan se yon etap ki konpike anpil paske gen chanjman fisik,emoyonèl,òmòn,kiyès ki konnen lè yon moun pral gen vye konpòtman,move jan,detachman?,nou pa kwè gen moun ki konn sa se yon bagay ki parèt lèw pata panse.

 

Anjeneral se yon gwo konba pou timoun sa yo,pafwa chak jou ki pase vin pi konpike pou timoun nan,yo agresif,tout saw dil pa fè se lil chwazi fè,epi tout bagay nwi yo,pa gen yon bagay ou dil poul pa fache.Gen anpil timoun ki pèdi kontwòl tèt yo nan moman sa,genyen ki menm rive kite kay paran yo.

 

Paran yo dwe aji lè bagay la vire,kote timoun nan kòmanse ap bay lòt moun oubyen di sal pat dwe di,anpil fwa pwoblèm sa kon tounen problèm klinik paske paran yo te twò entoloran.Paran yo dwe pote anpil atansyon sou sa tou,lè yon timoun te konn pase lekòl epi li pa janm ka pase ankò,kite pinisyon monte sou yo tèlman yap kache,chak tan yap bay manti,ap bwè alkòl oubyen fimen.

 

Sak jenere move konpòtman nan adolesan an?
Se 3 kle fondamantal
pèsonalite
karaktè
ak tanperaman
Ou bezwen konnen kilè konpòtman sa vin kwonik?sa pral depan ki kalite timoun ki antourel tou,pafwa group timoun sa yo pa fè aksyon ni pale souvan,se kòmsi ou toujou wè tris,yo kòmanse pa vle relasyone ak moun.

 

Lòt siyal ankò se lè yo pa vle respekte règ kay la,joure,bay manti,pa vle benyen ni penyen,gen pwoblèm ak lapolis,konpòtman sa kap fè yo menm panse tiye tèt yo.

 

Paran an dwe fè sa lap fè a tout swit pito timoun nan kriye kew kriye ou menm,li tap pi bon poun al wè yon espesyalis ak li paske ou pa konnen vre sa kap pase a,ide ki toujou monte nan tèt nou se adolesan li ye talè sa ap pase,fè atansyon gen bagay yo pa vin pou ale se kote ou wèl la pouw kouri dèyèl.

 

Kache timoun nan fèl pa wè zanmil se pa solisyon an sa,paske fisik li ap chanje tou,lèw limitel oubyen femenl andan li ka pimal,janl pale ak moun ki pi gran pasel,li santil gran tou epi wap tretel tankou timoun li irite plis toujou paske nan lespril li se yon granmoun.

 

Nou konseyew chache kon plis sou timoun yo anvan nou trete yo mal oubyen bat yo,yo ka vin pimal paske gen gwo granmoun kap fè mal lè lapolis poze yo kezyon,yo pa janm di yon bon bagay sou paran yo,anpil fwa anfans yo pap janm fasil paske paran yo te konn fè yo pase mizè.