Kijan pou kontwole pèt cheve ak dlo kokoye epi sitwon?

Depi cheve a ap plede tonbe se yon siy ki montre li fèb oubyen manke kèk eleman nitritif,se yon pwoblèm estetik ki komen nan gason ak fi,li enpòtan pou nou pote atansyon depi nan komansman pou cheve a pa pèdi volim,menm si yon moun paka evite pèdi 100 branch cheve chak jou se yon bagay nòmal,depisa depase gen yon bagay kap mal mache

Nan tan sa gen anpil pwodwi chimik kou natirèl pou nouri ak bay cheve a fòs,nan tout pwodwi sa yo nou jwenn dlo kokoye epi sitwon ki gen pwopriyete pou frennen pèt ak ankouraje kwasans cheve.

Nou vle pataje ak ou benefis ak kijan pouw fèl lakay ou
Yon melanj dlo kokoye ak sitwon se yon bon tretman pou anpeche pèt cheve,li pa sèlman bon pou eleman nitritif li yo men pou aksyon idratan ki kenbe rasin nan mouye.Engredyan li yo gen anpil vitamin,mineral,asid anmi esansyèl pou ranfòse pye cheve yo,diminye sechrès ak debilite.

Benefis dlo kokoye pou cheve
Dlo kokoye se yon pwodwi ki gen pwopriyete idratan ak reparasyon,depi l nan cheve a li ankouraje kwasans epi fèl klere.Vitamin ak mineral li yo redwi debilite pye cheve a,ranfòse cheve a pou yo pa tonbe anpil.Benefis prensipal li yo atribiye nan kontribisyon bon jan kalite asid gra ak pwoteyin sou cheve a,amelyore sikilasyon san ak anpeche folikil yo kraze.Anplis li gen pwopriyete ki kont bakteri,epi konntwole kap,ak lot enfeksyon nan po tèt la.

7651568002_b437386785

Benefis sitwon pou cheve
Sitwon gen anpil vitamin C ki se yon eleman nitritif antioksidan ki ede kenbe nivo kolagen nan,pou cheve ka gen fos epi ansante,Li gen asid folik ak vitamin B konplèks ki ede pwoteje rasin nan,epi evite cheve a kase,li se yon sous mineral esansyèl,vitamin li yo aktive pous.Aksyon netwayaj li yo retire salte nan po tèt la,li gen sibstans pou anpeche mikwob ak lòt maladi kapilè.

Kijan pou prepare dlo kokoye ak sitwon
Engredyan
Yon tas dlo kokoye
Ji yon sitwon

Preparasyon

Melanje nan yon veso dlo kokoye ak ji sitwon an
Aplikasyon
Demel cheve a epi separe l an plizyè seksyon,mete pwodwi a depi nan rasin rive nan pwent,bay yon ti masaj ak pwent dwèt yo pou yon bon absòpsyon,kitel fè 30,40 minit apre rensel.
Si cheve w ap tonbe anpil fè sa 2,3 fwa nan semèn nan pouw ka wè rezilta a pi rapid.

201704_lime_featured-360x240