Kle pou yon maryaj ere

Siw ta renmen lakay ou se nich kontantman gen de bagay fòw aplike epi pa bay tout bagay enpòtans chak moun gen defo yo,pa gen moun kap chanje pou lòt se depi nan renmen pouw te wè tout bagay prale mal pouw pat rive nan maryaj,pigaw janm bat pou fè moun kontan ni fè bagay pou moun,pi devan se ou ki pral peye sa nan kay,viv pou tèt ou apre Bondye,ou merite pou kèw kontan.

Swiv konsèy sa yo epi sove fanmiw sitou siw gentan gen timoun
Kenbe kay ou endepandan
Bib la di konsa lòm nan ap kite papal ak manmanl poul al ini ak fi a epi yap vin yon sèl chè,li te mèt yon pyès kay bat pouw ou menm ak mariw sèlman,otomatikman ou marye ou pa fèt pou w depan de paranw ni pouw ap ekplike yo tout sa kap pase lakay ou,nou rete kwè si sa Bib la di a te respekte pa tap gen tout separasyon sa yo.

 

Kontinye kenbe relasyon an kòm si nou te renmen
Gen anpil moun ki panse lè yo fin marye yo rive kote yo ta prale a se lè sa pouw metew pi fre toujou,fè kòmsi sete premye fwa nou rankontre,pase ti tan ansanm,pa bliye koutim nou te genyen nan renmen,al nan sinema,restoran,aprann di moun nan bonjou lèw leve,mandel kòman nwit lan te ye,prepare sipwiz depiw kòmanse moun nan ap wè tout sa poul fè tou a mwens ke li marye avèw san li pa renmenw.

 

Pa bliye se Bondye ki ini nou nan maryaj la
Bat poun toujou al legliz pa bliye Dyab la pa renmen moun ki ini,siw pat konn al legliz chache yon legliz pouw ale ak mariw se yon lòt vi ap gen anpil èdmi nan dòmi kou zye kle ki pap vle nou avanse men Bondye fidèl siw fèl konfyans wap wè glwa li.

 

 

Fè atansyon jan nap pale
Abitye ak yon moun pa vle di pouw di nenpòt saw vle nan figil,gen yon nivo respè ki pou genyen nan kay la,chache itilize yon bon langaj pa kite santimanw potew ale,pouw pèdi edikasyon nan di sak pa bon,lèw renmen yon moun evite tout kalite vye pawòl.

 

Pigaw janm dòmi fache
Nou konnen medam yo pa renmen tande sa,paske li plis nan avantaj mesye yo,pa rèt kwè sa,ou te marye pou bon move tan pa pale jodia nap pale demen kanmenm pa gen yon rezon vre pouw dòmi fache,li mye poun fè lapè pi vit,pa kite twòp tan pase.

 

Mete Kris sant relasyon an
Pa panse ak fòs paw wap kapab,toujou bat pouw mete Kris poto mitan nan kay ou,wap tande pwoblèm kay moun se pa lakay ou,lap toujou edew nan nenpòt sikonstan ou ta ye li pap kitew wont paske se li kite ini nou pou lavi.