Kijan pouw chwazi yon pafen ideyal?

Anjeneral,ki konsèy ou tap bay yon moun pou chwazi yon bon pafen?

Moun nan tan sa yo pa gen pasyans preske nan anyen,pafen se pa yon kesyon mòd.Memwa a olfaktif la pi enpòtan nan lòm,preferans olfaktif nou yo se premye souvni paran nou te ban nou,de yon zanmi,yon menaj,elatriye
Kisaw dwe konnen,lè w wap chwazi yon pafen?

Li enpòtan pouw konnen,lèw ap eseye yon pafen,nan moman ou flitel la fè yon kite yon ti tan,yon pafen ka gen nenpòt 150 sant diferan,tout sant yo pa parèt menm kou,pa chwazi pou koulè boutèy la,men chwazi pou sant lan

 

Anpil fwa moun yo chwazi yon pafen paske yon zanmi refere yo li,men moun nan pa janm gen yon pafen po ak li,lèw al achte pafen pran tout tan w san prese pouw chwazi pafen kap fèw byen an se pa sou premye ou chwazi a pouw pran,eseye valè kantite fwa w kapab anvanw fè chwa.

 

Pou chwazi pafen paw la,wap pran yon bon ti tan lew flitel pouw ka wè si se saw bezwen an,li tap pi bon siw ale pou kont ou,pouw ka fè chwa ak kè,san dezisyon okenn lòt moun.Pafen ki pran plis tan pou sant li monte,se yon bon siy se paske li fè youn ak kòw,se pafen sa pouw plis chwazi.

 

Ki definisyonw tap bay pafen?
Pou ou parfen se anvlòp nan nanm nou.