Kijan pouw wèw anfòm nan yon bout pantalon?

Atik sa se pou ou menm ki renmen bout pantalon,men ou pa tèlman kwè nan tèt ou lèl sou ou.Nou pral baw kèk konsèy pouw ka kwè nan tèt ou,lè bout pantalon w sou ou.

1.Prepare pyew
Anvan vakans lan rive,ou dwe manje byen epi fè egzesis tankou:kouri pou retire grès,epi idrate pye yo ak krèm idrantan pou yo ka bèl.

2.Raze plim nan pye yo
Asirew byen raze pyew,poul san tach ak ti bouton,pou pi bon rezilta,raze ak krèm ki bon pou sa,apre idrate pye yo,pouw ka santi yon sansasyon.

 

3.Chache yon bout pantalon ki fèw byen,al achte ak zanmiw oubyen pran youn ou te gen deja,asire li ale ak fòm kòw ansanm ak koulè po w,pa mete pantalon twò kout pou dèyèw pa parèt,mete yon pantalon pou santiw byen ladan.

4.Chache kòsaj ak mayo ki ale
Si kòsaj oubyen mayo w pa parèt byen ak pantalon an,ou pap janm wè l fèw byen.fòk koulè yo ale oubyen preske menm jan pouw ka parèt briye.

Pa bliye ou gen pwòp janm ou,yo inik epi bèl pou ou.Moun ki renmenw yo pa menm pote atansyon ak sa.Ou vo plis pase aparans fizik ou,moun ki renmenw yo gade kè w.

a1sx2_Thumbnail1_shorts_jeans_6

Sa wap bezwen?
Razwa ak krèm idratan
kèk bout pantalon(3 jiska 5)
Kòsaj ak chemiz ki konbine
Sekirite nan tèt ou
krèm solèy