Ou dwe kominike ak mennaj oubyen mari w chak jou

Ou pa ka nan kay oubyen renmen ak yon moun pa gen kominikasyon,kay la toujou gen zen ladan,pa janm gen antant.Youn nan bagay ou ta dwe ak mariw chak jou se sou fiti nou.

1.Fiti
Pale sou:
lavi nou
Sa ta renmen fè
Objektif pou fiti
Enspirasyon

2.Pwoblèm fanmi
Pale de fanmi an se yon bagay ki ta dwe fèt chak jou,si te gen pwoblèm ki pat resoud,kijan relasyon paran yo ye ak timoun yo,sa kap travèse chak moun,bagay youn pa renmen.

3.Sante
Nou pa ta kwè sa,de moun konn nan yon kay lòt la pa konn sil malad,tèlman pa gen kominikasyon,nou dwe kominike,akonpanye youn lòt lopital li te mèt yon jou travay ki pèdi,li esansyèl poun pataje sa yo enkyetid,ak pwoblèm.

 

4.Lajan
Li enpòtan pou chak moun konnen ki valè depans kap fèt nan kay la,piske nap viv ansan pa gen anyen ki ka sere

5.Seksyalite
Sèks pa ta dwe yon tabou pou koup la.Li enpòtan pou nou youn gen konfyans nan lòt,san renmen fè nan kabann,nou ka pale de sèks nan nenpòt moman sa vini sa pa anyen mariw.

6.Objetif
Li bèl lè nou ap reyalize objetif ansanm.