Chanpou lalwa natirèl

Menm siw tande gen chanpou yo di yo mete lalwa ladan depi w wè yo diw pa mete l nan frijidè seke kantite lalwa ki ladan piti anpil epi li paka fè okenn efè,epi lòt pwodwi yo mete pou konsève chanpou a elimine pwopriyete lalwa te ka genyen an.

Kijan poun fè chanpou a?

300381819284132816096431938_950

Engredyan
– 3 pye lalwa
– 1 savon san pafen
– 3/4 lit dlo

4536909089_99bebb10c0_b

Rache savon an piti,metel nan yon boutèy,koupe lalwa tibout metel bouyi nan dlo pou 15 minit,lèl fin frèt koulel mete dlo sa nan boutèy ki gen savon an,soukel epi kitel repoze jiskaske savon an fonn.
Pandan wap sèvi ak li,ou ta wè cheve w sek se paske li poko abitye ak savon an,bay dènye rense a ak dlo ki gen vinèg pòm pou Ph cheve a ka retounen.