Poukisa moun deside fè tatou epi yo toujou fè l yon dezyèm fwa?

Pa gen okenn Statistik konfyab ki montre konbyen moun ki gen plizyè tatou,men Konvansyon Entènasyonal Tatou nan peyi Angletè konfime chak jou gen plis moun ki vle fè plizye tatou sou yo.Menm moun sa yo di yo temwen de anpil moun ki retounen vin fè lot tatou.

Moun yo ka tan ant de,sèt lane,pou yo fè dezyèm,moun sa yo toujou konsidere sa ak anpil atansyon paske yo konn gou pwent zegwi a.

Ki rezon an?
Yon fwa moun nan vinwe l tankou yon adiksyon ke l paka ret ak yon sel tatou,chak tan l fe youn li vin anvi fe plis toujou.

Sikoloji tatou a te plis yon analiz akademik,men moun yo plis pote yo ale nan moman pou yo kontante ak youn,se yon bagay envestigate yo paka kontwole.

 

Yon etid montre diferans ki genyen ak moun ki gen tatou ak sak pa genyen yo redwi,sak gen tatou yo paret pi afektye,yo manifeste panse diferan.

Pafwa sa konn rive anpil nan moun sa yo renmen kiliti anpil,epi yap fe mesaj pase sou sa yo ekri sou ko yo.Finalman pa gen yon sel rezon ki defini poukisa enpe moun vle fe plizye tatou epi gen lot ak youn yo satisfe
Kek ti konsey siw ta renmen fe yon tatou

Mande yon moun ki fel deja,sil ka diw ki kote ou ka al fe l
Vizite tout kote ou konnen yo fe tatou yo,pouw ka gen yon lide,mande pouw we travay li fe deja yo,gade kijan kote a ye,verifye sil gen materyel premye swen,kijan ijyèn nan ye,si w pa renmen poze kesyon,mennen yon moun ak ou pou l ede w.

 

Konfye nan ogan ou yo,kote a santi bon?li paret bel?mka konfye nan moun kap fel la?eske li repon mwne byen lem poze kesyon an?li ekplike bagay yo byen?

Siw pa kwe nan moun kap fe l la,li tap pi bon siw pa fel,laviw an premye